*Socrate Socrate Socrate*
Slt tout Frè ak sè konpatriyòt mwen yo__________🤝
Moun kap mande pou lekòl louvri yo, felisitasyon paske menm gè pa ta sipoze bloke lekòl nan yon peyi, men ak sajès e pasyans fè ti li tèks sa svp pou plis analize eske lekòl Ayiti dwe fèmen toujou Ou louvri rapid rapid.
_ Mwen pral fè ti pale ak nou louvri konpreyansyon nou svp e rale konsyans nou e entèdi santiman ak konpoteman esklav mantal ke kèk nan nou gen lakay nou. Eskizem sim deranjew Ayisyen Frèm ak sèm yo.🤝
Toutan nap tande pale de enstriksyon ak edikasyon chak jou, kòm esplikasyon enstriksyon se le fè ke ou enstui pou devni yon profesyonèl nan yon disiplin pa ekzanp matematik, chimi, syans sosyal elatriye, Ou aprann disiplin sa yo lekòl klasik kote ou fè kontinite a nan inivèsite( agronòm, enjenyè, enfimyè, Doktè, Psykològ) tandis ke edikasyon se le fè ke ou edike pou devni Imen, e nou tout konnen lèw se Imen Ou aprann di : bonjou. bon aprè midi. Bonswa. Silvouplè. Ak pèmisyon. Dezole. Padonem. Mèsi anpil. Mèsi. Mw antò.
E se edikasyon kap rann ou manje tout sa ki manjab. Pa pale ak bouch ou plen manje. Toujou propte kò ou. Pa jete fatra nan lari a. Rann paran ou tout sevis li merite. Pa pran sa ki pa pou ou. Kontante ak saw genyen. Travaye onètman. Abiye sosyalman. E se edikasyon kap pemet ou toujou byen òganizew. Pran swen bagaj Ou. Respekte prensip peyiw ak lot peyi. Valorize lang manman Ou. Respekte drapo Ou. Toujou priyorize peyiw. Pa konplekse. Toujou batay pou nou reyisi ansanm. Pa trayi prochen Ou elatriye, Ou aprann pi fò bagay sa yo lakay Ou nan men paran rèsponsab ou e yon ti posyon nan lekòl ak legliz. Paske misyon legliz direkteman se palew de pawòl BonDye.
Ebyen, aprè nou fin pran endepandans nou pou Vatican te dakò endepandans nou yo te enpoze nou plizyè objectif pa yo.
1) peye endepandans lan, kote nou tap travay pou yo san touche ak san manje e kote pou nou te jwenn lajan sa ò yo te transpòte tout richès nou( lafrans, angletè, espanyòl e relijyon sa yo bay pou katolik la)
2) pou se yo ki bay nou edikasyon, sonje ke valè yon pèp se valè edikasyonl, yo te mande pou yo te responsab edikasyon pou nou se nan objektif pou yo te remete nou nan esklavaj mantal, kote nou pral priyorize etranje ak tout Otorite konronpi nan peyi a e batay kont tout Ayisyen ki gen valè moral lakay yo pou ti enterè mesken sa ki kap kraze peyi a atè plat.
3) se siyen avi yon ansanm de enpozisyon nan konkòda 1860 lan, kote se legliz katolik kap gen pou vin ban nou enstriksyon ak yon edikasyon pèpè, kote yap gen pou enskri tout ti Ayisyen espri yo plis devlope pou yo fè yo vale sa yo vle a se konsa majorite timoun ki soti nan lekòl kongreganis yo toujou gn yon sajès esklav. Ki donk yo fè yo avèg e touye san revolisyonè a lakay yo, menm travay sa fèt anndan legliz katolik. Ou pa wè konpoteman Fidèl yo?
Map kontinye poum di nou anndan konkòda 1860 yo te fòje Prezidan Fab Jefra siyen an, gn yon atik ki di 51 % nan bidjè ministè dèkilt pou selman legliz katolik e rès 49 % pou pèp la, leta sibvansyone lekòl yo a 60 % , yo bare kantite karo tè yo vle pandan ke jenes la ap achte nan men yo an ameriken kòm pitit tè a mmmm, yo gen franchiz dwanyè menm pou pote zam bay bandi, machin elatriye, tout projè yo soumèt leta nan maten pou aprè midi tout bagay ok, pandan tout projè wout, lopital, agrikilti bloke, tout materyèl didaktik ak pedagojik ki disponib pou tout lekòl yo se yo sèl ki resvwa tout, lajan lekol yo pi chè. Kòb kanaval program raboday se pa pale, sa ki pi endiyan se paske 98 % pè yo fè selman teoloji ò se yo ki toujou Direktè pedagojik lekol yo kote chak ane lekol yo bay 100 %, rezon an klè, tout materyèl didaktik ak pedagojik se lakay yo yale, 60 % sibvansyon, kantin skolè se yo dabò, se kòb pèp la ki bati lokal pou yo, se kob pèp la kap peye yo tout e ba yo manje ak chen lakay yo, si nou kwè se manti al li atik yo ki nan konkòda 1860 lan, e konkòda sa siyen avi sa vle di li gen plis valè e pi ro pase konstitisyon peyi nou, lekòl yo pi chè nan peyi a. Pandan setan materyèl pa rive pou pitit pèp la nan lise yo, nan lekol nasyonal yo, nan lekòl prive yo ò se nan lekòl sa yo ou jwenn profesè ki fe lekòl nòmal, syans de ledikasyon, FIA, e ot pandan setan pa gen rezilta satisfezan vre. Paske aprè ide fok gen resous pou konkretize projè yo, ò tout resous edikasyon al jwenn lekol kongreganis yo tèt dwat, Nan lekòl kongreganis yo toujou gen yon edikasyon yo enpoze timoun yo andeyò de program ministè a, kòm sa pa yon sekrè pou nou kote se yon fo- edikasyon entenasyonl ki nasyonalize e aplike pa leta Ayisyen selon konkoda 1860 lan.
Ki donk, jounen jodia, ak edikasyon entenasyonal- nasyonalize sa a fè paran nou yo pa kwè nan tèt yo, se sèl blan ki ka ban nou manje, bwè, wout, lekòl, sante eks... Sa koz nou pa travay latè ankò, nou pa aprann metye ankò, nap kouri poun jwenn teknoloji, tout kalkil avni nou se ale etazini, bagay sa yo koz paran pa gn tan pou edike timoun ankò, nou vin vag, nap mache di pitit se byen malere, yon lot paran paka frete pitit ou ki fè dezod nan lari, pui timoun yo pran libetinaj yo sa pa gade ni sosyete a, ni paran ni leta, rara lage, konsa etranje a di misyon yo preske pran fen an nou pase yon lot vitès. E se konsa yo enpoze gouvènman Ayisyen an pou retire 6e Ane ofisyel yon klas ki te konn fè timoun nan byen enstui e edike sa vle di byen enfome de istwal e bay drapol valè li nan tout sans, e ansuit yo retire reto ofisyel kote pat konn gn finisan tèt chat anndan peyi a, e yo pase lòd pou pa gen double menm ke timoun nan konpoze 14 matyè li pa pase yonn menm se fèl janbe pui li dwe matyè, Direktè lekòl yo ak paran yo pouki ta kouri dèyè leta ak desizyon tet chat sa, oo yo pran lari paske yo pral fe kob nan chak matyè timoun nan pa pase, se sak fe jounnen jodia pou yon ane yon timoun enskri nan yon lekol, li al chita nan yon lot lekol, li konpoze nan yon lot lekol, yon lot lekol fe repriz pou li, yon lot lekol voye admi pou li yon lot lekol pranl san pyès. Sa ki pi bèl la se lè wap pase pou wal konpoze ofisyèl nan tout ti bout kwen nan wout syèj la ezamen ou pral konpoze a ap korije. Yon timoun soti sendomeng li antre nonl nan yon lis 9e fich gentan soti pou li, li achte ekzamen li reyisi, li retounen sendomeng chak ane yon lekol touche nan menl pou voye desizyon de fen dane pou li, âpre 4 ane li vin konpoze nan filo. Li byen chita li reyisi, nan fè politik li vin nome nan leta a, lafrans ak kanada. ... kontan, rèv yo reyalize, konya yap fòse leta pou lekòl kontinye louvri vagman pou rèv yo abouti kote pou 100 % jenès la kontinye lage yo nan raboday, sendomeng, fè pitit tankou cheni, sal kafe, plezi paryaj elatriye. Pui yap vole richès peyi a an profesyonèl.
Svp paran, elèv, profesè lekòl, aktè Politik, sosyete sivil ak tout lot antite konsekan mwen pa site yo la, se pou sa neg vatikan yo te mande pou yo te swadizan edike nou se jis pou jounen jodia pou peyi a te vin gangsterize, kinnaping, vyòl, vòl, timoun 12 an fin manman, timoun 10zan ak gro zam, timoun 8 tan ap fimen, atis raboday gen plis respè pase yon profesè ak Doktè, bandi pi enpotan pase lame dayiti ak lapolis, jenès la ap onore moun ki nan koripsyon e tire tout tèt pansant peyi a, vann kay plizyè etaj pou wal dòmi atè nan peyi etranje, viza pi enpotan pase kat idantitew, jistis ap vann nan mache, loreya ekzamen ofisyel ap pran bal pandan setan animatè raboday yo jwenn viza, konkou festijeni kraze pandan setan konkou raboday chak jou anndan lekòl yo. Paran ap bat bravo paske pitit li ap byen gouye an doba ! Leta ap femen kek lekol pandan setan bidjè pou konstui prizon ogmante. Nèg kap toupizi pèp la mnm pèp sa di x, y konn fè politik pandan setan lidè nan zòn yo kap ede yo e batay pou yon lavi miyò pou yon boutèy kleren yo bay pwazon oubyen yo tirel.
MENFP- ministè edikasyon nasyonal e fomasyon professionèl, bann egare pouki nou pa janm mande ni leta ni prive yo fomasyon professionnel sa ! Kote ak menm fòmasyon sa chak ane timoun ou an tap gen 14 metye nan tèt li paske se 14 zan Lekòl( karelaj, otelri, elektrisite, plonbri, masonri, chapant, ebenis, kouti, pent, kuizin, kominikasyon, infomatisyen elatriye) kote ou pa tap menm bezwen peye inivèsite pou timoun nan ankò, li tap deja gen trop kob pou li al aprann sal vle sou prop veyikil li, kote nou selman kwense avni timoun yo ak selman lekol klasik kote timoun nan fini a 18 tan+ 5kan inivèsite= 23 zan finalman yal sou tab domino, plaj, fe pitit, maryaj prematire, ouvriye politik, nèg lari, medsen ap vann òldog nan tout lari, profesè ap mache promennen dlo, yon posyon ti jèn ap fè masisi, madivin, danse raboday, fe seks pou anbwate, al pase imilyasyon sendomeng, chili, brezil e ot.
Ebyen me propozisyon m, menm ke lekòl louvri pitit ou a te vin loreya aprè 5, 10 zan li pral pi mal pase sa wap gade la yo nan lari. Mwen konnen nou pral di onon de Jezi pitit mwen an paka sa ! Pa chita fe bonjan edikasyon pou potit ou, kote anndan menm edikasyon sa lap vin damou BonDye anpil.
Premye ekzijans pou nou fè leta Ayisyen se pou lekòl louvri se:
1) leta Ayisyen ki dwe responsab edikasyon nasyon an paske kolon an pa bliye saw te fè lame napoleyon an pou zansèt nou yo te bay peyi a endepandans (1804)
2) se pa vatikan pouki voye liv pou nou ( FIC= fomasyon enstriksyon kretyèn mmm) se leta Ayisyen ki pou bay
liv pou chak Ayisyen konnen rezon ki fel sou ti bout tè sa, liv pouki fel konnen zanmil ak edmil, liv edikativ ak liv enstriktif, liv pouki fèl jamè trayi yon Ayisyen parèy li pou kelkeswa òf la, liv pouki fel kwè nan kapasitel ak peyil, liv pouki fel renmen kiltil e manje lakay li dabò, liv pouki fel inyore èd entenasyonal la plito se antre an patenarya ak peyi ki respete dwa ak teritwa tout Ayisyen alawonnbabè. Eks..
3- anndan tout lekòl dwe gen liv enstriksyon, edikasyon, metye professionèl ki dwe bay yon finalite de yon sitoyen onèt, respektye, de pouvwa e avwa afenke Ou kapab transfome yo an bezwen fondamanto nan enterè paw e nasyon an.
3- fòk leta gen yon sèl lekòl, yon sèl program nasyonal, e enpeche lekòl fonksyone e ouvri tankou bank bòlet, sibvansyone tout lekòl. E pa asepte okenn propozisyon etranje, lekòl primè dwe gratis.
4- nome tout profesè an plen tan ak yon salè aseptab, kote jij, avoka, komisè, prezidan, minis, Dg elatriye pap kouri tou bouke vin bay elèv blag de sa ki sot pase nan biro kote yap travay la kontrèman a moun ki fome pou fe lekol la ap konnen poul prepre koul chak jou e travay selon program leta a konsa tout timoun ap nan menm mezi de konesans pou yal sibi ekzamen leta a paske se yon sel liv sivik, savwa viv, istwa, kreyol, sces natirel, matematik eks tout lekol ap genyen obligatwaman.
5) leta sipoze fikse enpoze kob lekol nan peyi a, e leta sipoze bay tout lekol kantin skolè, materyèl didaktik ak pedagojik, e ot. Sibvansyone lekol yo pou lekol yo peye ONA komsadwa pou chzk anploye, konsa yon moun kap travay nan prive ap gn mnm motivasyon an nan leta a, paske se yon fiti pansyonè san dout lap ye tou.
5) chak ane lis pansyonè dwe deyò e dat pou konkou nan tout bwat yo( leta/prive) dwe lanse pou entegrasyon jenès la, konsa timoun yo ap pasyone de lekol klasik, profesyonèl ak inivèsitè e yap rayi raboday dayè yo pa tap gen tan pou viris sa.
Edikasyon yon nasyon paka nan men yon lot nasyon sitou Ou te ba yo yon kal ki grave nan istwa mond lan.
Konstisyon peyim ap fonksyone anba konkòda 1860 lan, kèl krim ?
Pou fini, tout kad dwe mache fè fomasyon sivik ak moral nan lokal legliz yo, lekol yo, disko yo, sou plas piblip, nan tout radyo ak chèn televizyon, nan tout kay pui chak grenn timoun dwe enskri nan yon lekol profesyonel ane sa menm, e lot ane pou lekol klasik louvri komsadwa ak yon edikasyon Ayisyèn. Konsa nap gen yon bon Ayiti demen.
Fòk Ayiti bon yon jou@
*Socrate CADOR, anti Vatikan/ Oksidan !* 37167334😡😡😡😡
Viv Ayiti, Viv tout Ayisyen.💪
Commentaires
Enregistrer un commentaire