Ayiti/enfòmasyon: Nèg yo kache enfòmasyon yo nan objektif pou pèp la toujou ap batay ak pwòp tèt li e kont vrè zanmil, ebyen jodia nou pran rèsponsabilite pou nou fè pèp la wè kiyès ki enplante gang nan peyi a e kiyès kap kontinye alimante yo.
Ayiti/enfòmasyon: Nèg yo kache enfòmasyon yo nan objektif pou pèp la toujou ap batay ak pwòp tèt li e kont vrè zanmil, ebyen jodia nou pran rèsponsabilite pou nou fè pèp la wè kiyès ki enplante gang nan peyi a e kiyès kap kontinye alimante yo.
*Socrate CADOR Journliste d* ' *équilibre* ._ _Fòk verite a blayi sou tout tèritwa nasyonal_ ._ tèks la long sevre, men lil pou enfome plis.
Nan lane 1986 trè presizeman nan latibonit nèg yo kreye anpil dezòd politik, kote nan menm ane sa, Adolesan Youri LATORTUE te trouvel pòwoprens nan enstitisyon Saint Luis Gonzalez pou te finalize etid klasik li ! Menm 1986 sa, se te depa Jean Claude Duvalier aprè ekzekisyon twa jèn nan vil gonayiv, sa vle di diktatè a ke Makak la kase . Lame kontinye dirije JiskasKe prezidan Aristide vini eli an 1990 kote tout Ayisyen peyi a ta pral chanje. Men putschist yo te vini bay yon koudeta atravè lame Dayiti e sa te pemèt Aristide kraze lame lè li tounen an 1991 ki pat bon pou peyi a. Aristide vini retire Lame Dayiti e kite yo ak tout zam nan men yo . Raboto Ki se basyon Lavalas a lepòk te fè rezistans pou te pèmèt lòd demokratik retounen anndan peyi a.
An 2000 Aristide pran yon dezyèm manda e kriz politik la vini anjandre e Aristide pat ka òganize eleksyon. E menm Nèg Lavalas sa yo nan gonayiv te vini gen problèm ak Aristide Paske blan te mande Titid pou te arete Amio Meteye e Ronald kadav e kèk lòt chimè kondisyon sine quonum pou li te ka òganize eleksyon. Antre tan Aristide te rele cubain nan Palè pou li pale ak li, e Kisa rimè di yo arete cubain. Gonayiv vini en feu e an flam . Après kelke jou Cubain mouri e yo pete zye e yo pran kè li . Aprè sa cubain se te pa Odonel paul eks . Sa pemèt tout ekip Lavalas Ki tap fè reziatans pou Aristde te vini leve kont li e chaje pouvwa avek guy lame rebèl e zam pouvwa a lepòk la te ba yo . nan tout Epòk sa Etidyan Youri LATORTUE te Canada lap etidye, se après li vini e li jwen yon peyi gangstérize.
Sou menm 2004 sa toujou, kote nou te kapab di se epòk gang nan te vrèman légalisé nan peyi a sitou nan kapital peyi a, timoun ak granmoun te ame, anpil gro masak te produi, anpil kay te brile, sitou enstitisyon leta yo ( prizon), polisye kouri al nan maron, anpil moun te mouri pa pakèt e anpil militan te nan mawon, se jis pou nou raple etidyan senatè Youri LATORTUE te trouvel kanada pou kesyon etid inivèsitel ( dwa) . kotel te ye kanada a eske se li ki te alimante jenès la ak gro zam fann fwa nan tout geto yo? kote menm timoun sa yo nèg yo te alimante ak zam vin grandi jis yo bloke 5 depatman anndan peyi a aktyelman!!! Tou koken pa fon, istwa yo la!
Aprè etid li nan peyi kanada, poul antre lakay li nan latibonit, depi nan desann avyon an, pèp latibonit lan al jwenn ak li pou dil ke se sèl li menm ki ka vin amelyore sitiyasyon gang nan pou yo, dela etan li kandida, li Eli kòm senatè 2006 pou 2012, e se konsa latibonit pran tout renome konsa nan kesyon agrikilti, wout elatriye. Men pèp sa telman satisfè yo revotel ankò 2016 pou 2022.
Nap raple nou wòl yon palmantè se lejifere e kontrole ekzekitif la, se pou tèt sa li te arive fè travay li kòmsadwa, kote li te arive depoze 18 propozisyon de lwa, li te travay sou kreyasyon CSPJ, lekòl majistrati, sekirite, kredi etidyan, sa nèg Cholzer yo te bloke nan chanb dépité a, refòm polis la, li te travay sou 8 rapò ki plis antre pèp la nan trou tankou : lafè petro karibe( mately ak lamothe), kat dèmalòg ( Matine), argritrans( yo pa janm dedomaje peyizan yo te pran tè yo a), fo blende yo te achte pou PNH la, paspò( konsila), franchiz ilegal( legliz katolik fin pran tout tè ki gen an ayiti epi yo bliye si se yo ki te antre pèp nwa a nan esklavaj e se menm yo menm ki kraze edikasyon nou an se pa yo tout mesaj zonbifikasyon yo te konn pase), premye fwa yo pran lari se lè Jomo te boke franchiz yo. map fè nou sonje gen 42 teks de lwa ki te arive vote gras a propozisyon senatè a, e sitou plan ensekirite senatè ke gouvènman yo toujou metel an kesyon depi an 2006 sou preval jouk rive sou esklav Ariel. Ensekirite a fè nèg yo byen!!! Pèp la konprann!!!
1- Pou fini, pèp la dwe konnen senatè youri LATORTUE pa gen 30 tan( politisyen tradisyonèl) nan politik aktiv, se an 2006 li te arive kandida pou Senatè.
2- senatè Youri LATORTUE poko prezidan ak chèf gouvènman e menm DG lapolis, minis finans, minis jistis e konseye de nui.
Nou pap ka tronpe vijilans jenès la, rat manje kann zandolit mouri inosan, pèp la pa nan sistèm voye monte sa ankò, pèp la pap mache pou 1000 goud ankò ak tifoun diri. Se sosyal dabò, map tou profite di ekip AAA a ak senatè Youri LATORTUE felisitasyon pou tout akonpayman sosyal sa yo bò kote popilasyon an nan tout 10 depatman peyi a.
*Socrate infos plus*
Commentaires
Enregistrer un commentaire